Biyografi

Afriken ki soti Ayiti, Doktè Alann Plancher Fils-Aimé gen yon doktora (PhD.) nan administrasyon piblik ak politik nan Walden University nan Etazini (2024). Li se yon espesyalis nan pwoblèm desantralizasyon ak gouvènans piblik.

Li gen 2 metriz nan Kean University Ozetazini: yon Master of Business Administration (MBA) nan lane 2017 ak yon Master of Accounting (MA) nan lane 2015. Li gen yon diplòm bakaloreya nan Syans Politik nan Kean University nan lane 2012. Li te konplete etid avanse nan sosyoloji devlopman nan Enstiti Entènasyonal pou Devlopman nan Jenèv (IUED 2000). Alann genyen tou yon sètifika nan metodoloji edikasyon popilè nan Instituto Cooperativo Interamericano (ICI) nan Panama nan lane 1994. Li te diplome nan Syans Sosyal nan Lekòl Nòmal nan Inivèsite Leta peyi Ayiti nan lane 1985.

Alann te anseye syans sosyal nan Lise Jan-Rabèl la ak nan plizyè lekòl nan Pòtoprens. Li gen enterè patikilye nan devlopman Ayisyen, sa vle di lang Ayisyen pale an. Alann gen yon enterè espesyal nan alfabetizasyon. Li te yon monitè ak monitè-fòmatè alfabetizasyon pandan plizyè lane. Li te kòdonatè Pwogram Pilòt Alfabetizasyon pou peyi Ayiti (OEA/Sekretè Deta) nan lane 1995. Alann te travay nan ONG pandan plizyè lane, tankou nan ICKL ak ITECA nan peyi Ayiti, ak nan Arc of Union County, Ozetazini, yon ajans k ap sèvi moun ki gen andikap entelektyèl.

Analis politik ak chèchè, Alann pibliye ansanm ak lòt otè plizyè liv edikasyon sivik soti nan lane 1996 pou rive nan 2004 pandan li te ap travay nan Gwoup pou Rechèch ak Entèvansyon pou yon Edikasyon Altènatif (GRIEAL), li te fonde avèk yon lòt kanmarad. Alann te kòdone pou GRIEAL, premye pwogram fòmasyon nasyonal pou premye pwomosyon CASEC ak ASEC atravè peyi a nan lane 1998. Alann ap viv Ozetazini depi 2004. Youn nan prensipal liv li yo se tèz li te fè pou IUED, yon tèz inivèsite a te pibliye anba tit "Towards a New Formula for Development: Self-Promotion" nan lane 2000.

Depi li fini prezante tèz doktora li, Alann angaje li nan rechèch ak nan bay konferans pou moun ak òganizsyon ki enterese. Alann gen yon filozofi ki chita sou lide zafè politik se zafè tout moun epi zafè tout moun se zafè politik. Alann santre travay rechèch li ak refleksyon li sou kesyon chanjman sosyal. Deviz Alann se motive ak mobilize jèn yo pou yo patisipe nan tou sa ki gen rapò ak lavi peyi yo.

Pran angajman pou yon Ayiti miyò.

“Doktè A. Fils-Aimé pou yon filozofi edikasyon sivik ak chanjman sosyal pwogresif.